Gal (gale): Yon maladi ki fè moun grate anpil
Lavi sou latè mete lòm an kontak ak anpil lòt espès, genyen ki pa nwizib e genyen lòt ki nwizib pou kò nou, genyen nou ka wè ak je san nesesite gwo materyèl, konsa tou gen lòt ou paka wè ak je w paske yo twò piti, lè konsa nou di yo mikroskopik. Nan lis bèt ki nwizib e ki mikroskopik yo genyen sa yo rele Sarcoptes scarbiei.
Imaj 1: Sarcoptes Scarbiei anba mikroskòp
Sarcoptes scarbiei sa bay yon maladi yo rele gal (gale) oubyen yo rele l tou skabyoz (Scabiose). Maladi sa atenn po e li fè moun grate anpil. Pa twò lontan maladi sa t ap layite kò l nan kèk rejyon nan peyi a.
KIJAN MALADI SA MANIFESTE ?
Gal lan pa parèt menm jan lakay tout moun, li varye ak laj moun lan epi eta sante l. Genyen 3 tip gal :
Gal ki touche granmoun : Se tip sa ou jwenn pi souvan. Moun lan vinn gen yon grate l ekzajere ki pa janm kanpe lannwit kou lajounen. Li souvan komanse nan fant dwèt men yo, pase pran pwanyè, koud, anba zesèl, pwent tete, pli nan vant yo, fant dèyè e menm po peni gason yo.
Imaj 2: Gal nan fant dwèt yon granmoun
Gal ki touche ti bebe : bebe an vinn gen bouton nan do, anba bra ak nan lombrik li. Men se pi souvan anba pla pye l bouton sa yo chita. Lè konsa timoun nan paka domi, l ap kriye, li ajite.
Imaj 3: Gal anba pla pye yon ti bebe
Gal ki touche moun ki aje : Gal sa parèt tankou yon gwo kouch krè m ki sou po moun lan, li ka blan konsa tou li ka jòn. E limenm li konn atenn tout kò moun lan, pran figi l, pla men l ak pla pye l.
Imaj 4: Gal lakay moun ki aje ak sa sistèm iminitè yo fèb
KIJAN W KA PRAN MALADI SA A ?
Prensipal responsab maladi an se Sarcoptes Scarbiei an. Lè yon moun ki gen maladi an kole po l ak po yon moun ki pa genyen l, Parasit sa yo sòti sou moun ki enfekte an li ale sou po lòt moun lan.
Imedyatman yo rive sou po moun ki potko genyen maladi an, mal sakòp lan ansent femèl lan epi li mouri. Femèl lan, nan lide pou l chache yon kote pou l ponn, fouye twou nan kouch po an.
Pandan l ap fouye l ap ponn ze, nan yon jounen li ponn ant 1 ak 2 ze. Epi aprè yon mwa li mouri. Pitit yo ap kontinye travay lan.
Menmsi risk yo fèb, men ou kapab pran maladi sa tou, nan itilize rad yon moun ki te genyen l.
KIJAN MALADI SA TRETE?
Etandone ke parasite sa pwopaje pi byen nan kote ki gen anpil moun e kondisyon ijyèn yo pa respekte. Tretman Gal lan konsène ni moun ki genyen l lan , ni pwòch li, san konte zòn kote l rete.
Trètman sa yo ka konprime pou bwè oubyen bagay pou pase sou po. Tretman yo chanje avèk laj moun lan. Se poutèt sa se doktè ki preskri yo.
Bibliyografi
Parasitose et mycoses des régions tempérées et tropicales, par lasociation Française des enseignants et praticiens hospitaliers de parasitologie et mycologie médicale(ANOFEL). 5eme édition, 2015
Commentaires (0)
Connectez-vous pour laisser un commentaire.