Maladi sik (dyabèt): youn nan maladi kwonik k ap fè ravaj an Ayiti
Nan tout peyi nan mond lan, maladi kwonik yo rete yon sijè deba pou tout sistèm sante ki ekziste. Yo koze anpil lajan depanse nan bay swen, fòme ak sansibilize moun sou yo. Malerezman maladi sa yo rete rebèl, yo kontinye koze anpil moun pèdi lavi yo.Chaje moun nan mond lan ki kontinye ap viv ak yon maladi kwonik avèk espwa yo ap gen pou jwenn tretman yon jou.
Nan lis maladi kwonik sa yo, maladi sik oubyen dyabèt se youn nan gro moso yo. Li koze anpil pwoblèm nan mond lan e menm pa bò lakay. Nan lane 2021, estatistik yo montre gen plis pase 537 milyon moun k ap viv ak maladi sik non mond lan. Alòske an Ayiti, yon etid Fondasyon Ayisyèn Dyabèt ak maladi kadyo-vaskilè (FHADIMAC) revele te gen anviron 300 mil moun k ap viv ak maladi sik (dyabèt) nan peyi a nan lane 2019.
Anpil sitwayen ayisyen kontinye pèdi lavi yo swa paske yo pa t janm konnen yo te gen maladi a oubyen akòz yon move jesyon maladi sila a. Avèk difikilte peyi an ap travèse, li vinn pi difisil pou sa ki bezwen ensilin yo jwenn ase lajan pou yo achte l. E pri flakon ensilin lan pa sispann moute, yon flakon ensilin koute plis pase 1250 goud nan plizyè famasi nan kapital lan. Anplis sitiyasyon sa, mank konesans sou maladi sik lan ak kijan pou w viv avè l ogmante risk pou on moun rive genyen tout konplikasyon li ka bay yo e menm mouri.
Ki sa dyabèt la ye?
Maladi sik (dyabèt) se yon maladi kwonik ki pa geri men ki ka kontrole, li karakterize pa kantite sik (glucose) ki nan san an ki monte (126 mg/dl le w poko manje) plis pase jan l ta dwe ye (70-110 mg/dl lè w pako manje).
Lè w finn manje, kò w chwazi sa li vle yo li lage nan san w e li voye sa li pa vle yo al jete nan twalèt ou. Sik ki nan manje an enpòtan pou kò a, li chwazi pran l pou l lage l nan san w. Men sik sa dwe rete nan yon nivo ki pa twòp. Nan tan nòmal, kantite sik ki nan san an rete nan yon bon nivo gras ak yon òmòn (yon sibtans chimik) ki rele ensilin, ki soti nan Pankreyas (pancréas) yon ògàn nan kò a. Gras ak ensilinn lan, sik ki nan san an antre andedan selil ki nan kò w yo, e selil sa yo itilize sik la kòm sous enèji, kidonk sik sa pa rete chita kò l nan san an.
Nan ka maladi sik la ou ka jwenn youn nan fenomèn sa yo :
- Kò w fè rezistans ak ensilin nan ;
- Pankreyas pwodui yon ti kras ensilin, oubyen li pa pwodwi ditou ;
Se poutèt sa sik la paka antre nan selil yo li rete gonfle (akimile) nan san an sa vin koze kantite sik ki nan san an depase valè nòmal li. Gen plizyè tip dyabèt :
Dyabèt tip I ( diabète type I)
Nou jwenn li anpil lakay timoun. Se lè plis pase 80% nan selil (cellule) nan pankreya an ki la pou pwodwi ensilin yo tonbe ap mouri pou kont yo. (destruction auto-immune).
Dyabèt tip 2 (diabète type 2)
Nou jwenn plis lakay granmoun ki gen plis ke 40 lane, lè sa pankreyas la pwodui yon ti kantite ensilin ki pa ka fè travay li ta dwe fè a.
Dyabèt nan gwosès
Yo rele l tou dyabèt jèstasyonèl, dyabèt jèstasyonèl afekte 3 ak 20% nan fanm ansent. Li rive pandan gwosès kay yon fanm ki pa t ap viv ak dyabèt la anvan sa. An jeneral li rive nan fen sizyèm mwa gwosès la. Plasenta (mèt vant) a pwodui òmòn ki trè itil pou gwosès la byen mache, men ki entèfere ak travay ensilin lan, kò a pa rive sekrete ase ensilin pou konpanse efè òmòn sa yo. Lè sa a, sik la ogmante nan san an. Nan majorite ka yo, li disparèt apre akouchman an, men manman an vin gen risk pou l devlope dyabèt tip 2 nan ane k ap vinn aprè yo.
Ekspè nan sante yo montre maladi sik la gen plizyè faktè ki ka koze l menm si gen deba k ap fèt sou yo. Kèk nan faktè sa yo: faktè jenetik (prédisposition génétique), faktè nan anvironeman, moun ki obèz tou.
Kijan dyabèt la manifeste?
Jude yon pèsonaj 57 lane rakonte:
Sa gen plis pase 10 lane mwen te remake m ap pèdi pwa, poutan mwen grangou pi souvan e mwen manje plis, mwen pipi anpil e mwen te komanse pa wè twò byen. Lè m al lopital yo di m :"mwen fè maladi sik"
Yon lòt bò, Jean-elie, yon jèn 24 lane esplike:
« Mwen te gen 9 lane, mwen te konn swaf souvan, pipi anpil e fatige souvan. Yon lanwit mwen gen anvi vomi (nausées), m vomi epi vant mwen t ap fè m mal anpil, se lè m rive lopital m pral konnen mwen fè sik. »
Imaj 2 : Tout senptom ki ka fè w panse ou dyabetik (source : FHADIMAC)
Anpil fwa maladi sik la konn kòmanse ak yon anvi manje souvan, toujou swaf, pipi anpil, pa wè byen, pèdi pwa , fatig epi enfeksyon ak repetisyon, sitou nan pipi. Lakay timoun yo konn gen lawouli (nausées), vomisman, ak vant fè mal. Pafwa li pa bay okenn nan siy sa yo, se lè ou al lopital pou lòt koz ou ka vin konn se maladi sik ou fè.
Eske gen tretman pou moun ki dyabètik?
N ap raple w ke valè nòmal kantite sik la ta dwe ye nan san an se ant 70 ak 110 mg/dl , lè w fèk leve san w poko manje, e pi piti pase 140 mg/dl, 2 èdtan aprè w finn manje.
Pou chak tip sik yo (tip 1 ak tip 2) , gen tretman swa pou ede pankreya a fè travay li (tip 2) oubyen pou eseye jwe wòl pankreya a, ki se libere ensilin lan (tip 1).
Lontan yo te konn preski ensilin ki soti nan pankreyas kochon, men kounyeya bagay yo chanje e ensilin yo vann yo preske sanble ak sa kò w te ka pwodui si li pa t malad.
Maladi a pa geri, se sa k fè moun ki fè li yo dwe pran medikaman yo chak jou, toujou kontwole sa yo ap manje e al wè doktè yo regilyèman pou rasire yo kantite sik nan san an toujou rete nan valè nòmal la.
Ki Konplikasyon ki gen rapò ak dyabèt ?
Konplikasyon ki gen rapò ak dyabèt gen yon 2 orijin: twòp sik nan san an oubyen twò piti sik nan san an.
Si sik nan san an rete wo twò souvan, sa ap gen yon enpak sou plizyè ògàn nan kò a, sitou:
- ren yo (nefropati)
- je yo (retinopati)
- sistèm newolojik la (neropati)
- kè a (atak kè)
- veso sangen (tansyon wo, aterosklewoz, konjesyon serebral, elatriye)
- pafwa yo menm konn rive koupe pye w
- oubyen li mete w an koma
Si ou pran twòp medikaman, sik lan vinn twò ba nan san an tou, ou ka rive nan koma.
Kèk konsèy k ap ede w jere dyabèt la ak evite konplikasyon li yo
-
Depi siy ak senptom yo parèt, pa neglije al wè doktè pou konn si ou fè maladi a;
-
Siw fè maladi a, li enpòtan pou toujou pran medikaman san sote jou epi toujou kontwole kantite sik nan san an ak aparèy ki fèt pou sa (glikomèt) pou rasire w li rete nan valè nòmal la;
-
Nan mezi ki posib eseye genyen yon bon rejim alimantè ki vle di: evite manje tout sa ki ka pote twòp sik nan kò a, men pito manje plis legim epi fè ekilib ant tan wap pran chak ti repa yo;
-
Evite mache pye atè, evite mete bagay ki twò sere nan pye w pou evite blese nan pye;
-
Pa fimen ni pran tabak ;
-
Toujou fè espò
Maladi sik pa geri, men si w respekte tout prensip yo w ap viv avèl san pwoblèm.
Commentaires (0)
Connectez-vous pour laisser un commentaire.