Doulè andometriyoz (endométriose): yon kalvè pou anpil fanm ayisyèn
Si egzistans règ se yon kalite pou tout fanm, genyen règ se yon kalamite pou yo. Anpil fanm nan peyi letranje kou nan peyi Dayiti gen anpil doulè nan dat règ yo. Doulè, ki pafwa, anpeche yo viv lavi yo jan yo ta vle l. Gen anpil bagay ki ka koze doulè sa yo, pami yo Andometriyoz (endométriose), yon maladi ki atake fanm selman, sitou sa yo ki nan laj pou fè pitit.
Adeline Jean Daniel, yon enfimyè 52 lane, se youn nan fanm k ap viv ak maladi sila a depi plizyè lane. Yon maladi ki vinn ajoute nan lis lòt maladi li deja fè tankou sik ak tansyon. Pou limenm pa gen mo ki pou dekri doulè sila a.
« Li difisil pou w pataje doulè w ak yon moun, sitou lè anpil pap konprann ou, men bagay sa a fè mal anpil » (Adeline)
Nan ka sa Adeline pa poukont li, avèl gen lòt fanm ayisyèn, ki pi jèn toujou, ki gen menm maladi sa. Anplis de doulè yo gen nan do, anba vant, elatriye… , yo konn genyen balònman, dyare, e menm vinn paka fè pitit. Pou sila a yo ki potko genyen se yon veritab kalamite.
Ki kote maladi andometriyoz (endométriose) lan soti ?
Premye senptom maladi andometriyoz la, ta sanble te gentan dekri depi 4000 lane nan peyi Ejip, aprè se gran konesè Grèk yo ki pral pale de maladi sa nan epok pa yo. Ansyen moun sa yo te konn se yon maladi ki bay fanm anpil doulè, men yo potko ka mete yon non sou li e retire l pami lòt maladi ki bay fanm doulè anba vant tou.
Se jis nan lane 1860, yon medsen otrichyen (Autrichien) ki pote non CARL VON ROKITANSKY pral dekri senptom maladi an epi li pral vinn pote non « endométriose » nan lang franse, noumenm nou ekri « andometriyoz » nan lang pa nou.
Image 1 : Carl von ROKITANSKY
Kisa ki koz andometriyoz (endométriose) lan ?
Konprann kijan matris fanm fèt se deja konprann kisa ki bay maladi sa a. Matris ou ka konpare ak yon zaboka, tèt anba. Si nou separe zaboka a an 3 pati, nou t ap di anplis po zaboka a, gen chè a pou w manje epi grenn nan, men grenn sa, pafwa gen yon lòt ti po fen ki kouvri l.
Eben kouch, oubyen tisi (tissus) ki fòme matris lan, preske dispoze menmjan an. Matris lan gen yon kouch deyò tou, yo rele « perimetriyòm (Périmétrium) », yon lòt anba l yo rele « miyomèt (Myomètre) » e sa ki andedan nèt lan, ki rele « Andomèt (Endomètre) ».
Nan ka maladi andometriyos lan, se tisi ki sanble ak kouch tisi ki andedan matris lan, ki depeyize yon lòt kote nan kò w. Li ka nan trip ou, nan ovè w elatriye… Konsa chak moman règ yo kontribiye nan bay moun nan gwo doulè ak lòt senptom ki varye pa rapò ak kote selil yo vinn ale plase.
Lasyans poko fin dakò sou sa ki koze depeyizman sa, pou yon gwoup syantifik se san an, lè fi an gen règ li, olye li soti nan matris lan li retounen andedan, konsa li pote selil, ki fòme andomèt lan yon lòt kote. Men yo panse ka gen lòt koz ki fè sa.
Pafwa ta sanble se pandan sezaryèn (Césarienne), ti selil sa yo ale tonbe lòt kote epi bay maladi sila.
Nan ka Adeline ta sanble se lakòz sesaryèn li fè yo daprè sa doktè li di l, paske li se manman 3 pitit, tou lè 3 se sezaryèn.
« M te konsilte pou yon boul anba ti vant mwen ak anpil doulè m te konn genyen lè règ mwen. Premyeman doktè an te panse m te gen timè, se lè l finn opere m, li voye boul lan nan laboratwa, se aprè li di m se Andometriyoz m fè. Li di m tou se kapab pakèt sezaryèn yo. » (Adeline)
Ki konsekans Andometriyoz ka gen sou moun ki genyen l yo ?
Jiskaprezan maladi sa konsidere tankou yon maladi ki pa grav, men doulè li bay yo souvan ensipòtab e aji sou lavi moun ki genyen li an. Doulè yo souvan vini, pandan yo gen règ, pandan y ap fè sèks, pandan y ap pipi. Li konn anpeche yo mennen aktivite yo paske li pafwa mache ak depresyon,angwas, fatig san konte lawouli ak balònman. Senptom sa yo ki konn vinn fè kèk fanm lage nan konsome konprime pou doulè san yo pa preskri yo.
« Pafwa lè doulè a rèd m paka mache, mwen mal pou m domi, m konn pran yon konprime pou doulè » ( Adeline)
Eske gen trètman pou maladi andometriyoz lan?
Trètman ki genyen yo jis la pou ede sipòte senptom yo, men yo pap geri maladi an nèt.Trètman yo varye selon moun ki genyen l lan , laj li , si l fè pitit deja elatriye….
Pafwa doktè yo konn preskri moun lan medikaman, oubyen mande l pou l opere. Yon konn menm rive retire matris moun sa.
« Yo preski m medikaman pou enflamsyon, e yo te men di y ap retire matris mwen , ta sanble si doktè yo opere m ankò , m ap gen risk pou m mouri" (Adeline)
Aprè ADELINE ki te pale avèk nou, nou te rive tande plizyè lòt fanm ki gen menm maladi sila a. Domaj, nou pa t rive jwenn rechèch ki banm nou kantite fi nan peyi dayiti ki ap viv ak maladi sa a, men daprè sa òganizasyon mondyal lasante (OMS) bay gen anviron 190 milyon moun ki ap viv ak maladi sa a nan lemond.
Andometriyoz rete yon maladi ki ap ravage medam nou yo, an silans, nan yon peyi kote fanm rete potomitan. Li enpòtan pou nou mennen kanpay pou sansibilize plis moun sou maladi sa a e travay men nan men pou nou bay tout asistans posib ak moun ki gen maladi sila a.
Commentaires (0)
Connectez-vous pour laisser un commentaire.