Rat (la rate): Yon ògàn ak plizyè fonksyon

Rat (la rate): Yon ògàn ak plizyè fonksyon

Kò moun konstwi ak yon ansanm ògàn. Chak ògàn sa yo gen fonksyon yo ranpli poukont yo, men gen fonksyon yo ranpli ak lòt ògàn tou. Si youn nan ògan sa yo ap mal fonksyone oubyen pa fonksyone ditou sa ap gen gwo konsekans sou tout kò a. Pami tout ògan yo, gen youn ladan yo ki pa twò popilè menmsi li gen yon  gwo enpòtans nan kò an, ògan sa pote non "rat" (la rate).                                            

 

Rat la se yon ògan abdominal, sa vle di li andedan vant nou. Li plase agoch, dèyè gwo pwòch ki rele lestomak la. (Se lestomak lan ki kenbe manje)                                                              

Ki wòl rat la jwe nan kò a?                                   

 

Rat la se yon ògàn  ki patisipe nan pwodwi selil ki nan san yo. (yo di li se yon ògàn ematopoyetik). Depi nan vant manman, rat la kòmanse pwodwi 2 nan kategori selil ki nan san yo, ki se globil blan ak globil rouj. Otomatikman moun lan sòti nan vant manman l, rat lan sispan pwodui globil rouj, li  pwodui selman globil blan. (Lè sa rat la konsidere tankou yon ògan lenfoyid).

 

Rat la kòm ògàn lenfoyid jwe yon wòl enpòtan nan defans òganis la. Gras avèk globil blan li pwodwi yo sitou yon kategori globil blan ki rele lenfosit (lymphocytes) lè yon mikwo òganis etranjè vini pou fè dezòd, li entèveni pou defann kò a kont mikwo òganis etranjè sa yo. Li se yon ògàn enpòtan nan sistèm defans kò a.  Sa yo rele: "sistèm iminitè" an (système immunitaire).                                                                                       

Li jwe yon wòl enpòtan tou nan netwaye ap pirifye san epi patisipe nan resiklaj ak renouvèlman globil wouj yo.

 

Eske rat la konn malad ?                                                                                                                   

Menmjan ak tout ògàn yo rat la konn tonbe anba maladi tou. Lenfom non odkineyen (lymphome non hodgkinien) ak maladi odkineyen (maladie hodgkinien) se 2 ekzanp kansè ki pi souvan konn atake sistèm lenfatik la, rat la konn tonbe anba yo tou. Gwosè li konn ogmante parapò ak gwosè nomal la: splenomegali (splénomégalie) epi kèk fwa li konn gen kis ki devlope ladanl tou.

 

Eske moun ka viv san rat ?                                                                                                               

Rat la pa yon ògàn vital tankou kè, sèvo ak fwa sa vle di si l pa la sa pap anpeche òganis la fonksyone. Gen kèk ka ki konn oblije doktè yo retire rat la nèt, lè sa espesyalis nan laswenyay yo pale de splenektomi (splénectomie). Aprè splenektomi an òganis la ap pran ti tan pou adapte l ak mank sa epi sa ka gen gwo konsekans tou sou sistèm defans òganis lan.

 

Commentaires (0)

Connectez-vous pour laisser un commentaire.